MANM ASANBLE CRUZ, GOUVÈNÈ HOCHUL ANONSE LANSMAN ENSTITI POU RECHÈCH AK POLITIK ENTEGRASYON IMIGRASYON ETA NEW YORK POU EDE IMIGRAN YO FÈ TRANZISYON NAN LAVI KOMINOTÈ, FAVORIZE EDIKASYON AK MENDÈV

Konsèy Konsiltatif Lidè Kominotè yo te konfime pou fikse devlopman politik revolisyonè epi chwazi yon Direktè Egzekitif ak Asistan Direktè nan mwa k ap vini yo

Manm Asanble Catalina Cruz, Prezidan Gwoup Travay Asanble a pou Nouvo Ameriken yo, ak Gouvènè Kathy Hochul te anonse jodi a lansman Enstiti pou Rechèch ak Politik sou Entegrasyon Imigran pou ede imigran yo fè tranzisyon nan lavi kominotè, favorize edikasyon, ak mendèv. Enstiti a, ki te resevwa finansman nan Bidjè Ane Fiskal 2023 a, ap loje nan Rockefeller Institute of Government, nan gwoup refleksyon sou politik piblik State University of New York (SUNY) an. Anons lan kowenside ak chwa Konsèt Konsiltatif Lidè Kominotè yo, k ap fikse devlopman politik revolisyonè epi chwazi yon Direktè Egzekitif ak Asistan Direktè nan mwa k ap vini yo.

Lè yo rive, imigran yo souvan goumen pou aprann Anglè, ede pitit yo asimile nan lekòl, jwenn lojman ki an sekirite ak nan pri abòdab, sekirize travay ak yon salè yo ka viv, sekirize transpò pou deplasman pou ale nan travay sa yo, epi gen aksè nan sèvis ki disponib yo—souvan paske yo pè pou yo pa depòte yo. Direktè Egzekitif ak Asistan Direktè Enstiti a ap analize imigrasyon an, ekonomi, mendèv ak lòt done imigrasyon nan tan reyèl, epi idantifye solisyon pou moun k ap pran desizyon yo ede apiye angajman eta a pou sipòte imigran tout laj, nasyonalite, ak andesedan.

Dapre Biwo Asistans Tanporè ak Enfimite ( Office of Temporary and Disability Assistance, OTDA) Eta New York la, 900 refijye ak detantè Viza Imigran Espesyal (Special Immigrant Visa, SIV) te reenstale nan Eta New York an 2021, ki soti prensipalman nan Repiblik Demokratik Kongo, Siri, Afganistan, ak Burma. Nan 12 mwa ki pase yo, omwen 1,300 Afgan evakye te reyenstale nan Vil NY, ansanm ak refijye resan ki soti Ikrèn.

Manm Asanble Catalina Cruz, Prezidan Gwoup Travay Asanble Eta New York sou Nouvo Ameriken yo, te deklare, « Mwen te fyè pou dirije efò pou kreye Enstiti sa, k ap konsantre pou ede fasone politik yo pi byen k ap amelyore entegrasyon sosyal, ekonomik, ak politik gwo kominote imigran k ap grandi eta nou an. Vas resous talan ak ekspè SUNY nan domèn ki lye yo se yon pwomès rechèch ak rekòmandasyon politik ekselan k ap amelyore lavi tout Nouyòkè yo. Sipò finansye solid Prezidan Asanble a Carl E. Heastie ak Majorite Asanble a te bay pou Enstiti a se yon gwo etap pou kontinye asire ke New York se premye nan peyi a pou pa sèlman akeyi imigran yo men l ap travay tou pou asire yo atenn Rèv Ameriken yo. »

Dwayen pa Enterim SUNY an, Deborah F. Stanley te deklare, « kanpis SUNY yo konpoze youn nan opòtinite aprantisaj ki pi divèsifye nan mond lan, epi akeyi etidyan ki soti nan tout orizon lavi, peyi, ak antesedan. Nou onore dèske Rockefeller Institute of Government loje Enstiti sa epi fasilite travay ki tèlman nesesè pou fè angajman alontèm eta nou an avanse pou sipòte epi akeyi imigran yo epi asire siksè yo. Mwen remèsye Gouvènè Hochul ak Lejislati a – patikilyèman Manm Asanble Catalina Cruz – dèske yo konble bezwen pou yon politik enpòtan, atravè kreyasyon Enstiti sa, epi mwen pwolonje gratitid mwen tou pou manm konsèy konsiltatif ke nou apresye yo pou sèvis yo. »

Konsèy Konsiltatif Enstiti a se yon gwo gwoup lidè ki akonpli ki pote anpil eksperyans ak relasyon, ak yon angajman pataje pou entegrasyon imigrasyon nan travay Enstiti a. Konsèy Konsiltatif la—ki bay Enstiti a oryantasyon ak rekòmandasyon pa rapò ak rechèch, pwogramasyon, opòtinite leve fon, ak evènman kominotè—genyen ladan l:

Wilma Alvarado-Little, MA, MSW, Direktè Sante Minorite ak Prevansyon Disparite Sante NYSDOH

Doktè Laura Anker, Pwofesè Etid Amerikèn, SUNY Old Westbury

Murad Awawdeh, Direktè Egzekitif, Kowalisyon Imigrasyon New York (New York Immigration Coalition)

Marcos Crespo, Konsèy Administrasyon, SUNY

DoktèIsaac Ehrlich, Pwofesè Ekonomi, University at Buffalo

Lucia Gomez, Direktè Politik, Konsèy Travay Santral Vil New York (New York City Central Labor Council, AFL-CIO)

Laura Gonzalez-Murphy, Direktè Egzekitif, Biwo pou Nouvo Ameriken (Office for New Americans), Depatman Deta Eta NY

Ramona Hernandez, Direktè Enstiti CUNY pou Etid Dominikèn, CUNY

Paola Martinez, Prezidan Konsèy Enstiti, SUNY

Cesar Perales, Vis Prezidan Konsèy Administrasyon, SUNY

Doktè Dina Refki, Direktè Sant pou Fanm nan Gouvènman ak Sosyete Sivil, University at Albany

Jennifer Rizzo-Choi, Direktè Egzekitif, International Institute of Buffalo

Jo-Ann Yoo, Direktè Egzekitif, Federasyon Amerikano-Azyatik (Asian American Federation)